DOC

Lillian Rivera, RN, MSN, PhD

By Carolyn Davis,2014-08-29 04:23
28 views 0
Lillian Rivera, RN, MSN, PhD

Charlie Crist Ana M. Viamonte Ros, M.D., M.P.H. Gouvènè Chirijyen jeneral pou Eta Florid

    Lillian Rivera, RN, MSN, PhD

    Administratè

    Jiyè 2009

    Chè Lidè kominotè ak Lidè legliz,

    Depatman sante Konte Miami-Dade rekonèt anpil rezidan gen enkyetid konsènan pwòp sante yo ak byennèt fanmi ak kominote yo pandan nou konfwonte yon nouvo aparisyon viris enfliyenza H1N1. Nou konprann enkyetid ou. Objektif nou se rediksyon pwopagasyon ak gravite maladi a.

    Li enpòtan pou rezidan Konte Miami-Dade jwenn aksè nan enfòmasyon ki presi e mizajou osijè flou H1N1, kisa pou fè pou rete an sante ak kisa pou fè si yon santi yo malad. Poutèt ou se yon sous enfòmasyon ki fyab andedan kominote w, nou vle travay avèk ou pou difize enfòmasyon sa a rapidman, jan sa posib. Si w founi kominote w enfòmasyon ki presi, ou kapab limite lakrentiv, redwi anksyete e ede moun rete an sante.

Mesaj enpòtan nou dwe transmèt yo trè dirèk :

    ; Si w santi w gen lafyèv ak touse, rele doktè w pou mande li konsèy, e rete lakay ou, pa ale nan travay

    oswa lekòl jiskaske ou santi w retabli nèt pandan 24è oswa doktè w rekòmande pou w tounen nan travay

    oswa tounen lekòl.

    ; Si w gen lafyèv e w ap touse oswa gòj ou ap fè w mal, e laj ak eta sante w mete w nan kategori moun ki

    gen pi gwo risk pou devlope konplikasyon poutèt flou a, rele doktè w pou li ba w yon rpeskripsyon pou

    medikaman antiviral (fèy enfòmasyon ki annapre a esplike ki moun ki kapab gen pi gwo risk yo). Ou pa

    bezwen teste pou flou ni ou pa bezwen ale lopital pou jwenn tretman, sòf si ou malad anpil. ; Kèlkeswa laj ou oswa eta sante w, ale lopital la touswit si yon maladi ki sanble flou vin sitèlman grav ou

    gen difikilte pou respire.

    ; Sonje pou lave men ou souvan, e toujou kouvri nen ak bouch ou lè w ap estènye.

    Apa fèy enfòmasyon sila a, Depatman sante rasanble yon bann dokiman pou edike moun yo, ikonpri postè ak fèy ki kontni enfòmasyon nan lang Angle, Panyòl ak Kreyòl. Ou kapab jwenn tout e enrpime yo sou wèbsayt Depatman sante Konte Miami-Dade ki nan adrès elektwonik sa a : www.dadehealth.org.

    Depatman sante Konte Miami-Dade ap pran aksyon pou kontre aparisyon maladi sa a, men nou pa kapab rezoud pwoblèm la pou kont nou. Tout rezidan Konte Miami-Dade gen yon responsabilite e yon wòl pou yo jwe. Mèsi pou patisipasyon ou nan efò sa a.

    Si w bezwen enfòmasyon adisyonèl, kontakte Biwo kominikasyon Depatman sante Konte Miami-Dade nan 786-336-1276.

Avèk senserite,

    Lillian Rivera

Lillian Rivera, RN, MSN, PhD

    Administratè

    cc: Olga Connor, Direktris, Biwo kominikasyon ak zafè lejislativ

     Miami-Dade County Health Department [Depatman sante Konte Miami-Dade] 8175 NW 12 Street, #300, Miami, Florida 33126 Tel: (305) 324-2400 Fax: (786) 336-1297 Website: www.dadehealth.org

    Èske ou gen enkyetid osijè LAGRIP PÒSIN H1N1 ?

    Sa ou tad we fè.

    SI OU E SI OU GENYEN OU TA DWE

    Pa gen risk Lafyèv (100.4) plis touse oswa gòj fè mal Rete lakay ou e rele doktè w.

    Rele doktè w pou diskite si ou bezwen Lafyèv (100.4) plis touse * Gwo risk

    oswa gòj fè malmedikaman kont flou a.

    Ale lopital touswit. Si w rele 911, di ou Nenpòt moun ki gen yon maladi Lafyèv (100.4) plis touse

    grav tankou difikilte pou respire oswa gòj fè mal gen dwa genyen enliyenza ki grav. * * LIS MOUN KI GEN PI GWO RISK POU DEVLOPE KONPLIKASYON

    POUTÈT FLOU :

    Tibeb ki gen mwens pase 2zan I Sen I Fanm ansent I Moun ki gen opresyon, dyabèt oswa lòt

    pwoblèm ki afekte kè, poumon, san, fwa oubyen ren yo I Moun ki gen sistèm iminitè ki afebli I Moun ki gen mwens pase 18tan k ap fè yon terapi aspirin alontèm

ÈSKE OU GEN LAFYÈV ? Lè tèmomèt la endike 100.4 oswa plis, ou gen lafyèv.

    www.dadehealth.org

    Fou H1N1 : Sa w ta dwe konnen

Kisa yo rele flou H1N1 ?

    Se yon viris ki sanble anpil flou nòmal (lagrip sezonyè) ki koze flou H1N1 (“lagrip pòsin”). Maladi a kapab koze lafyèv, touse, gòj fè

    mal, fatig, doulè, frison ak nen bouche. Flou H1N1 pwopaje lè yon moun ki malad touse oswa estènye. Ou kapab enfekte tou

    lè ou menyen yon bagay ki gen viris sou li e apre sa ou manyen pwòp bouch oswa nen ou.

Kijan mwen kapab pwoteje tèt mwen ak lòt moun kont flou H1N1 ?

     Pa pwoche twò pre moun ki malad. Si w malad tou, evite gen twòp kontak ak lòt moun.

     Kouvri nen ak bouch ou lè w ap estènye. E lave men ou souvan avèk savon e dlo oswa avèk yon likid pou netwaye men ki

    abaz alkòl.

Kisa mwen ta dwe fè si mwen gen sentòm ki sanble flou, tankou lafyèv ak touse ?

     Rete lakay ou, pa ale lekòl ni nan travay jiska 24èdtan fin pase apre sentòm ou disparèt.

     Si w gen plis pase 65kan, mwens pase 2 zan oswa ansent oswa si w gen opresyon oubyen lòt pwoblèm sante rele doktè

    w pou wè si w ta bezwen medikaman. Doktè w petèt gen dwa ba w yon preskripsyon nan telefòn.

     Ou pa bezwen ale nan sal ijans sòf si ou sentòm grav, tankou pwoblèm pou respire.

Kilè mwen bezwen medikaman pou flou ?

     Pifò moun yo refè san medikaman, men sèten moun gen plis chans pou tonbe malad poutèt yo enfekte ak flou. Pami moun ki

    gen plis risk, gen tout moun ki gen plis pase 65kan, ki gen mwens pase 2zan oswa fanm ki ansent e tout moun ki gen pwoblèm

    sante alontèm, tankou opresyon oswa dyabèt.

     Si w fè pati nan youn nan gwoup sa yo e ou gen sentòm ki gen flou, rele founisè swen sante w touswit pou kapab jwenn yon

    preskripsyon.

Èske mwen ta dwe voye timoun mwen yo lekòl ?

     Si timoun ou malad, li ta dwe rete lakay li jiska 1 jou apre sentòm yo disparèt. Timoun ki an sante pa bezwen manke lekòl, sòf

    si yo anile klas yo.

Si w bezwen plis enfòmasyon : ale nan www.dadehealth.org

    www.dadehealth.org

Report this document

For any questions or suggestions please email
cust-service@docsford.com